KISA STEEM-ENGINE REPREZANTE POU OU ?

avatar
(Edited)

Mwen te ekri yon post sa gen de semen sou evolisyon #steem-engine sou blockchain #steem.
https://steemit.com/steemengine/@zeugen/eske-ou-konnin-sa-steem-engine-ye.
Atik sa a te brosse en gros sou platform nan.
Min jodia kisa #steem-engine ka fait pou moun ki gen kont sou #steem?
Anvan mwen allé plis lwen :

  • steem se non token ki ap trade nan anpil maket sou system crypto a tankou

1 Binance STEEM/BTC
2 Upbit STEEM/KRW
3 HitBTC STEEM/BTC
4 Huobi Global STEEM/USDT
5 Bittrex STEEM/BTC
6 Huobi Global STEEM/BTC
7 ProBit Exchange
8 Upbit Upbit STEEM/BTC
9 Binance STEEM/ETH
10 ProBit Exchange STEEM/USDT
11 Binance STEEM/BNB
12 Poloniex STEEM/BTC
13 Huobi Global STEEM/ETH
14 ProBit Exchange STEEM/BTC
15 Huobi Korea STEEM/BTC
16 Huobi Korea STEEM/USDT
17 GOPAX STEEM/KRW
18 Poloniex STEEM/ETH
19 WazirX STEEM/USDT
20 OpenLedger DEX STEEM/BTS

Aprê lis long sa a gen maket toujou ou ka fê echanj pou steem
tankou #blocktrades, #onepagex ak #steem-engine
Steem gen passé twa zan sou beton,
an ap ede moun
ki bloggé lage infomasyon sou tout bagay sou blockchain li an.
Anpil lan nou abitye ak #partiko pou telefon e #steemit.
Gen moun tou ki itilize #busy.org ak #esteem pou yo ekri.
Gen lôt ki itilize #appics, ak #steempeak pou yo ekri sou blockchain lan.
Moun ki appresye post lan baw vote en steem ke ou ka al change apres 7 jou.
Tout bagay sa yo te komanse evolue depi 2016 jiska komansman 2019.
Nan komansman 2019 #steem-engine ak @aggroed mete ak yon bann lôt developer tankou @yabapmatt, @someguy123, @harpagon
mete ansanm pou yo kreye #steem-engine platform lan.
#steem ap fê chemin li epi ou toujou ka poster min jan an.

KISA STEEM-ENGINE YE?

steem-engine1.png
(https://steem-engine.com)

Steem-engine se yon platform
ki pêmêt tout moun
ki vle mete projê li
sou blockchain #steem lan.
Si ou gen bizniz,
ou vle fê fundraising,
ou gen yon kominote solid,
ou se yon developê logisyêl,
steem-engine ka ede'w touche
plis moun avek êd platform steem
ki gentan genyien plis passé 1 million moun sou li.
Steem-engine bezwen steem pou li foncsyone.

#steem-engine se yon pôt ki ouvê oppotinite pou gen yon group byen presi sou blockchain lan.
Pou sa rive fêt wap bezwen jwen ak developer steem-engine yo epi yap baw yon koman pou rezoud sa lêw engine token pou ou ka regle tout bagay.
steem-engine2.png
(https://steem-engine.com)
Lontan tout moun te konn ekri selman sou #steemit epi wap tann yon pwochen li post paw la epi vote li.
Kounyeya avek #steem-engine ou antre nan yon group kote ou fixe yon ide epi tout moun mete ansanm ak yon sel tag pou fê ide a mache.
Si ou itilize tag #steemleo selman se moun bizniz yo ki ap we post la.
Se sa yo rele smart contract ou byen kontra intelijan.
steem-engine3.png
(https://steem-engine.com)
teknologi pemet yon varyete program pale youn ak lot
epi li rann bagay yo pi fasil.
Steem-engine pemêt ou itilize token
min avek exchange lan ou ka trade token sa yo
ak steem ke ou abitye avê'l deja.
Si ou abitye ak pwojêt ethereum(erc20) se preske min'm ide a
min li pi fasil pou komprann paske developer steem-engine yo rann li pi fasil.
#steem-engine gen yon exchange andedan li

KI BENEFIS STEEM-ENGINE POU OU?

Dabô fôk ou aktif sou platfôm nan pou ou ka wê benefis yo.
Gen anpil group ki gentan pran pye epi yap vale terrain

Vinou pran ezamp kek group ki ap mache byen

================================================================

Gen lôt sit toujou ke ou ka itilize pou ou poster min yo byen defini ak yon kominote.
Mwen invite nou fê ti rechêch pa nou pou nou ka jwen ki tag ki aller ak ide nou renmen.
4 sit mwen mete yo se tag sa yo mwen itilize plis ak lot toujou.
Chak tag sa yo baw token pa yo ke ou ka trade sou #steem-engine.
Sa vle di ou ka ekri yon post epi kole 5 tag ladan'l epi ou genyien 4 token avek steem.

Li impôtan pou nou pa kopier atik deyô pou nou lage sou sit yo.
Li impôtan pou nou respekte rêg jwêt la.
Li impôtan pou nou mete tete nou ansanm paske se konsa pou nou rive.
Kirasyon impôtan anpil paske yap peye 50/50 nan token steem-engine yo.
Li impôtan pou ou aktif nan system lan.
A bon entendeur salut!

@zeugen



0
0
0.000
2 comments
avatar

steem engine gin ampil bagay pou moun te ka konsantre pou aprann li pou ka fê profi.

0
0
0.000
avatar

with lots of steem tribes it better for content creators to use all the tags properly attached to their posts steem is gonna have a great future

0
0
0.000